Premye minis ayisyen an Joseph Jouthe anonse jounen mèkredi 16 septanm 2020 an yon nouvo konsèy elektoral pral enstale pa twò lontan pou òganize eleksyon yo anndan peyi a. Premye minis lan fè anons sa pandan li tap patisipe nan emisyon “Invité du jour” sou radio vision 2000 maten mèkredi …
Li Plis »LAFRANS/JISTIS:KOU DAPÈL CHANBÉRY KONDANE DE MOUN KI TE KOMÈT ZAK VYOLANS .
Mèkredi 16 septanm 2020 an komin Chambéry nan peyi la France kou dapèl kondane de moun ki te komèt zak vyolans sou Sven Lelandais ki se frè Nordahl Lelandais . Vyolasyon sa kite fèt premye fevriye 2019 touprè Pont-de-Beauvoisin an,se la tou Nordalh Lelandais te pral soti sispèk nan lanmò …
Li Plis »AYITI/OMAJ: RASANBLEMAN ETIDYAN MTV RANN YON DÈNYE OMAJ AK MÈT MONFERRIER DORVAL.
Mouvman rasanbleman etidyan MTV Ayiti rann yon dènye omaj ak pwofesè dwa jiridik la mèt Monferrier Dorval jounen mèkredi 16 septanm 2020 an nan komin Petion ville. Nan jounen sila etidyan yo tou pwofite rann omaj ak tout viktim ki tonbe anba machin ensekite sa. Tankou Sébastien Petit, Jean Frenel, …
Li Plis »AYITI/AKSIDAN: YON MOUN MOURI NAN YON AKSIDAN MACHIN NAN KOMIN PETYONVIL.
Nan yon aksidan machin nan komin Petyonvil bò 1 è nan aprèmidi nan rue Darguin devan direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) gen pou piti yon moun ki mouri ak plizyè lot moun blese nan jounen madi 15 septanm 2020 an. Nan moman chofè a te pèdi kontwòl machin nan se …
Li Plis »SEN DOMENG /LANMÒ:YON AVOKA NAN REPIBLIK DOMINIKEN PÈDI LAVI LI AK KOUT KOUTO
Jounal dominiken El nacional anonse avoka « Oberto Guillermo Francisco Gómez 61 lane mouri ak kout kouto epi manchèt daprè rapò direksyon ankèt kriminèl ( DICRIM) bay madi 15 septanm 2020 an. De (2) ayisyen ke yo poko idantifye non yo lapolis domiken ap chèche yo akoz yo se premye sispèk yo …
Li Plis »AYITI/PNH: YON NOUVO DG NAN TÈT DCPA POU YON TI BOUT TAN.
Komisè divizyonè Berson Soljour nome san pèdi tan epi enstale jounen madi 15 septanm 2020 an nan tèt direksyon santral polis administrativ (DCPA) pou yon ti bout tan. Komisè divizyonè a ranplase nan pòs sa Mario Aubergiste ki sot pase yon lane ap dirije pòs sa, Berson Soljour li menm …
Li Plis »AYITI/ANTEMAN: FANMI MONFERRIER DORVAL PA ANTRE NAN LOJIK FOUL MOUN NAN FINERAY LA.
Fanmi batonye a ki te tonbe anba bal nan lannwit 28 out 2020 an anonse ke yo vle antèman Monferrier Dorval la fèt an prive pandan yo tou pwofite di tout moun ki te sipòte yo nan ka lanmò a yon gwo mèsi. Yo mande ak tout moun ki te …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE:BANDI AK ZAM BOULE YON BIS SAN SOUSI NAN ZÒN GWO MÒN
Bandi ki tap opere nan komin Gwo Mòn atake yon bis kompayi San Sousi ki fè Pòdepè ak Pòtoprens Lendi 14 septanm 2020 an. Daprè pòt pawòl polis la nan Latibonit ,enspektè Max St-Fleur chofè bis lan te tante tounen lè li wè gen barikad nan Kafou tel men li …
Li Plis »LEMOND/KOWONAVIRIS: GEN POU PITI 921.097 MOUN KI MOURI NAN PANDEMI KOWONAVIRIS LAN
Pandemi kowonaviris lan gen pou piti 921.097 moun ki mouri nan mond lan depi lè biwo OMS nan peyi Chine de pale de maladi a nan fen desanm 2019 lan daprè AFP. Depi pandemi an te kòmanse te gen plis pase 28.819.490 moun ki te malad men gen pou piti …
Li Plis »AYITI/MENAS: RADIO TELEVISION CARAÏBES PA DESIDE LAGE PÈP LA.
PDG radio television caraïbes la Patrick Moussignac reyaji nan yon nòt ki gen pou dat dimanch 13 septanm 2020 an sou rafal menas ke yap sibi. Pdg radio a fè tout moun nan lakou peyi Dayiti kou lòtbò dlo nan tout branch nan tout sektè nan tout domèn ke yap …
Li Plis »