Chèf G9 an fanmi e alye a Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou prezante aswè mèkredi 4 novanm 2020 an Obed Joseph ki akize nan lanmò Evelyne Sincère ke yo te kidnape epi fanmi li ta pral jwenn li mouri sou yon pil fatra. Ansyen polisye a …
Li Plis »AYITI/DINEPA: NAN YON VIREWON DINEPA PREZANTE PLIZYÈ CHANTYE NAN ZÒN METWOPOLITÈN NAN KI PRAL PÈMÈT YO AMELYORE KALITE SÈVIS YO.
DINEPA ki se direksyon dlo pòtab ak asenisman nan peyi Dayiti prezante bay laprès plizyè Batiman kap konstwi nan zòn metwopolitèn pou kapab bay popilasyon an plis sèvis selon sa Direktè jeneral la fè konnen jounen jedi 4 novanb 2020 an . Direktè jeneral DINEPA Guito Edrouard ak premye minis …
Li Plis »AYITI/ARESTASYON: YON MAJISTRA NAN LAKOU PEYI DAYITI ANBA KÒD POU ANPIL MOVE ZAK.
Komisè gouvènman Kap Ayisyen an mèt Richemond Florival mete anba kòd prezidan komisyon enterimè komin Limonad la Gesner Dieudonné madi 3 novanm 2020 an. Majistra a te genyon manda damne dèyè li kote yo repwoche li de anpil zak malonèt ke li ta gen men li tranpe ladan yo nan …
Li Plis »AYITI/DRAM: OBED JOSEPH KI GEN TI NON KIKY KI AKIZE NAN LANMÒ SINCERE EVELYNE PARÈT TÈT LI.
Obed Joseph ke lapolis ap chache tankou chen fou kòm gwo sispèk nan lanmò Evelyne Sincère ke bandi te kidnape jou ki te jedi 29 oktòb 2020 an epi fanmi li ta pral jwenn li mouri sou yon pil fatra dimanch 1e novanm 2020 an rann tèt li nan yon …
Li Plis »LEMOND/KONFLI :PREZIDAN FRANSÈ A AK PÈP MIZILMAN NAN GWO BOUCH LOUVRI POU DWA KARIKATI
Gwoup djihadis Al- Qaïda nan Magreb islamik mande lendi 2 novanb 2020 an pou moun ki avek li yo pou touye nenpòt moun yo jwenn sou chimen yo ki aji mal ou pale mal sou pwofèt Mahomet . Gwoup Aqmi nan yon kominike reyaji sou deklarasyon prezidan Emmanuel Macron te …
Li Plis »LEMOND/KINDNAPIN: NAN YON LEKÒL PRESBITERYÈN KUMBO MOUN YO PA RIVE IDENTIFYE KIDNAPE POU PI PITI 6 PWOFESÈ NAN PEYI KAMEWOUN.
Bandi yo pa rive idantifye kidnape pou pi piti 6 pwofesè nan lekòl presbiteryèn Kumbo nan peyi Kamewoun madi 3 novanb 2020 an. Kidnapin sa fèt yon semèn aprè yon atak ki te fèt nan yon lekòl nan sidwès peyi a kote te gen 8 elèv ki te mouri . …
Li Plis »AYITI/KADO: PASE REKLAME PAW NAN KOKENN CHÈN KADO KE PRINCIPE AUTO ECOLE AP BAY POU NWÈL LA.
Principe Auto Ecole ki chita kò li sou wout Dèlma a anfas antre Dèlma 19 ap bay yon kokenn chèn kado ak tout moun ki ta vle konn kondui ak Prensip. Ak sèlman $1000 ht wap fè teyori epi pratik, pa pran tan pase kounye a pou ou kapab benefisye …
Li Plis »LEMOND/DÈY:PEYI SENEGAL PÈDI YON GWO PWOTORIK GASON
Samdi 31 oktòb 2020 an pwofesè istwa ,sentikalis Iba Der Thiam ki te gen 83 lane bay dènyè souf li nan lopital « Prensipal Dakar ». Iba Der Thiam tap anseye nan inivèsite Cheikh Anta Diop .li ekri plizyè liv sitou sou sendikalis. Li te manb nan komite UNESCO pou redije istwa …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YON GWO CHÈF BANDI KAP OPERE NAN KAPITAL PEYI DAYITI DESIDE BAY JEZI VI LI
Chèf bandi kap opere nan zòn Kwadèmisyon an Steevenson Pierre ke tout moun konnen sou non chen mechan depi yon bon bout tan deside remèt zam epi rantre legliz. Chèf bandi an ki tap reyaji nan yon radio nan kapital la fè konnen li gen 20 sòlda ke lap dirije, …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN: POPILASYON AN LEVE JWENN YON JÈN FI KE BANDI TE KIDNAPE MOURI NAN ZÒN DELMA 24
Popilasyon Dèlma 24 la epi Nazon leve jwenn dimanch 1e novanm 2020 an yon jèn fi ki mouri nan yon pil fatra sou mòn Dèlma 24 la ki pa twò lwen ak zòn Nazon. Selon enfòmasyon nou rive jwenn bandi te kidnape jèn fi sa ki rele Evelyne Sincére 29 …
Li Plis »