Kowonaviris la mete men nan pat kasav prezidan ameriken an Donald Trump ak tout madanm li, yon nouvèl ki tonbe tankou yon bonm nan lannwit jedi 1e oktòb la pou rive jounen vandredi 2 oktòb 2020 an. Yon enfòmasyon ke prezidan ameriken an Donald Trump ta pral konfime nan yon …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YON POLISYE TONBE ANBA BAL BANDI NAN RI BÒN FWA.
Polisye ajan 2, Marc Géry Michel tonbe jounen jedi 1e oktòb 2020 an nan ri Bòn fwa anba bal bandi ke moun pa rive idantifye. Polisye a ki te an sivil resevwa plizyè bal mouri la pou la, selon kèk moun ki pat vle non yo site bandi ki komèt …
Li Plis »ESPÒ/LIG DЀ CHANPYON: TIRAJ LIG DЀ CHANPYON AN AKOUCHE YON GWO CHÒK NAN FAZ DE POUL YO.
Tout je te brake sou Jenèv kote tiraj osò pou faz de poul lig dè chanpyon an tap fèt jounen jedi 1e oktòb 2020 an, yon tiraj ki akouche anpil gwo match chòk sitou yon rankont ant de gwo jeyan nan foutbòl la Christian ak Messi. Men kijan gwoup yo …
Li Plis »HONDURAS/MIGRAN:PLIS PASE 3 MIL MOUN KITE PEYI HONDURAS
Mèkredi pou rive jedi 1 oktòb 2020 an plis pase 3000 moun kap viv nan peyi Honduras kite peyi yo pou ale nan peyi Etazini.Miguel Artiga yon nan migran yo fè konnen li kite peyi a akoz gouvènman pa kreye travay pou yo daprè AFP Nan yon premye gwoup te …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YON PITIT ANSYEN SENATÈ JOSEPH LAMBERT CHAPE ANBA BAL BANDI.
Nan lannwit mèkredi 30 septanm 2020 an pitit ansyen senatè Joseph Lambert, Bradley Lambert chape anba bal bandi nan zòn Matisan. Bradley Lambert ki gen 22 lane rive chape poul li paske machin li blende selon sa yon pwoch li fè konnen, machin nan resevwa anpil bal selon enfòmasyon nou …
Li Plis »AYITI/KOURAN: KOU DЀ KONT APWOUVE KONTRA LETA AYISYEN AK FIM AMERIKЀN GENERAL ELETRIC.
Apre plizyè pale anpil koudèkont aprouve kontra ke leta ayisyen siyen ak konpayi amerikèn “’General Electric” pou rezoud pwoblèm kouran an nan lakou peyi dayiti. Kontra sila pral pèmèt yo bay kouran nan peyi a pandan 12zè chak jou epi yap konstwi yon santral eletrik a gaz de 55,5 Mw …
Li Plis »AYITI/SEMINÈ: ECHOJOUNAL AP BAY YON GWO KADO AK TOUT MOUN KI TA VLE METRIZE YON SERI PWOGRAM TEKNIK.
Echojounal nan tèt kole ak Principe Auto Ecole ap bay yon kado fòmasyon ak tout moun oubyen jounalis jounen kap samdi 10 oktòb 2020 an sou wout Dèlma anfas antre Dèlma 19. Fòmasyon sa ap chita sou: 1-Teknik repòtaj ak son san ou pa ale nan estidyo. 2- Teknik pou …
Li Plis »AYITI/SEMINÈ: FORMATION ALTERNATIVE GROUP (F.A.G) AP TANN TOUT MOUN
F.A.G ki se “formation Alternative group ap bay yon gwo fòmasyon sou “Hôtellerie restauration” jou kap 17 epi 18 oktòb 2020 kap vin la nan Dèlma 19 ri Adrien nan lokal Subtil in. Pouw patisipe nan gran seminè sa wap bezwen $1000 ht ladann wap gen dokiman apre seminè a …
Li Plis »AYITI/AKSIDAN : DE (2) ETIDYAN MOURI NAN YON AKSIDAN NAN VIL OKAP.
De (2) jèn etidyant pèdi lavi yo nan yon gwo aksidan moto nan lannwit madi 29 septanm 2020 an nan vil Okap apre yon kamyon ta pral teke moto ke yo te sou li a. Etidyan sa yo ki pèdi lavi yo nan terib aksidan sa te nan twazyèm ane …
Li Plis »AYITI/MIGRAN : MARIN KOLONBYЀN SOVE 94 AYISYEN KI TE BLOKE SOU LANMЀ A NAN YON TI BATO.
Marin nan peyi Kolonbi sove 94 ayisyen ki tap kite peyi Dayiti pou al chache lavi miyò nan peyi lòt bò dlo sou yon ti bato. Ti bato sa ki rele Jhosua te gen ladann 94 ayisyen 61 granmoun ak 33 timoun ta pral gen pwoblèm motè nan mitan lanmè …
Li Plis »