Komisyon etik FIFA pa pran tan pou pwolonje sanksyon prezidan federasyon Ayisyèn nan Yves JEAN-BART pou katreven (90) jou pou kontinye pa nan okenn Aktivite ki gen rapò avèk espò apre yo te akize prezidan federasyon an nan vyòl sou jèn ti medam yo nan sant FIFA GOAL la nan …
Li Plis »AYITI/EDIKASYON: ELÈV LISE NAN SENMAK WONFLE YON DIREKTÈ LEKÒL PRIVE ANBA BATON.
Nan zòn bèten nan do komisarya Senmak la direktè prive Archimède la pran baton poul pa chape nan men plizyè elèv lise pou jounen Mèkredi 19 Dawout 2020 an nan operasyon lage tout lekòl prive yo nan vil Senmak. Mouvman sa elèv lise yo ap fè a se nan kad …
Li Plis »AYITI/ESPÒ: SELEKSYON AYISYÈN FOUTBÒL LA KONNEN NAN KI GWOUP LAP GEN POU JWE ELIMINATWA KOUP DI MOND 2022 A.
Ayiti retwouve li nan gwoup (E) pou jwe eliminatwa mondyal 2022 a nan peyi Katar gwoup sa gen ladanl kat (4) ekip ki pa ta dwe yon difikilte pou grenadye yo si yo respekte tè yo. Men lis gwoup (E) a: E- Ayiti Nikaragwa Beliz Sent Lisi Turck and Caicos …
Li Plis »AYITI/PNH: YON TWAZYÈM SENDIKA PRAN NESANS NAN POLIS NASYONAL PEYI DAYITI A.
Yon seremoni fèt nan vil Taba jounen mèkredi 19 Dawout 2020 an pou prezante manb responsab yon twazyèm sendika nan lapolis nasyonal la (SYNAPOHA) kote yo fè konnen yo pral travay pou fè respekte dwa polisye e pou yo gen yon pi bon kondisyon travay pandan yap pwoteje enstitisyon an. …
Li Plis »AYITI/LANMÒ: POU PI PITI KATÒZ (14) AYISYEN MOURI NWAYE.
Nan depatman Nòdès peyi Ayiti pou pi piti katòz (14) moun mouri nwaye nan yon bato ki tap fè trajè Senlwi di Nò ak zile Latòti pami yo de (2) timoun onz (11) granmoun, aksidan sa rive akoz pa gen siveyans ase bò kote responsab yo nan zafè lanmè, pou …
Li Plis »AYITI/PANDEMI: AYITI RANPÒTE YON PRIM SOU COVID-19 LA NAN ÒGANIZASYON (OMS).
Malgre tout kritik peyi Ayiti ap sibi nan sistèm sanitè li rive chanpyon nan yon gid òganizasyon sante modyal (OMS) tap prepare sou peyi yo nan fason yo fè tretman lakay moun yo sispèk ki genyen maladi a, fason peyi Ayiti jere sa se youn nan meyè fason pou tretman …
Li Plis »AYITI/ELEKTRISITE: VLE PA VLE CHÈF LETA AYISYEN AN JOVENEL MOÏSE DESIDE VANSE AK DOSYE KOURAN 24/24 LA
Yon delegasyon ki gen nan tèt li minis afè etranje nan peyi Tiki Mevlüt ÇAVUSOGLU fè yon chita pale avèk prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE pou finalize dosye kontra kouran 24/24 la jounen Lendi 17 Dawout 2020 an. N ap raple dosye kouran 24/24 la se youn nan pi gwo …
Li Plis »ESPAY/ KORIPSYON:ANSYEN WA JUAN CARLOS MAWON KOTE LI SISPEK POU KORIPSYON
Ansyen souveren nan peyi Espay la gen 82 lane li kite peyi a 3 out 2020 pou ale Emirat Arab Uni e li tou rete daprè pòt pawòl palè a. Ansyen wa Juan Carlos sispèk pou yon fot grav selon wayòm lan ,sa ta yon rezon pou li kite Espay …
Li Plis »LEMOND/KOWONAVIRIS:770.429 POU PI PITI MOUN MOURI NAN MOND NAN NOUVO KOWONAVIRIS .
Pandemi kowonaviris lan ,maladi sa ki te parèt nan peyi LaChin nan fen desanm 2019 la gen pou pi piti 770.429 moun ki mouri nan mond lan selon bilan AFP lendi 17 out 2020 an . Nan 196 peyi ak tèritwa gen plis pase 21.719.870 moun ki enfekte depi lè …
Li Plis »ESPÒ/LIG DÈ CHANPYON: YON JÈN AYISYEN NAN LIS POU JWE DÈNYE FAZ LIG DÈ CHANPYON YO.
Jèn gadyen franko ayisyen Garisson Innocent rejwenn ekip Paris St Germain an nan peyi Pòtigal pou ranplase gadyen Kosta rika Keylor Navas ki blese nan dènye soti ekip PSG a nan ka de final lig dè chanpyon an. Garisson Innocent gen sèlman 20 lane li se twazyèm gadyen ekip fransè …
Li Plis »