Pou louvri jounen madi 24 septanb 2019 la aryopò entènasyonal Tousen LOUVÈTI peyi Dayiti nan lakou Pòtoprens leve anba gwo dife. Sèvis ponpye yo nan gwo entèvansyon yo fè te pèmèt dife a pat fè plis deblozay anndan aryopò Pòtoprens lan jan sa te pase nan vil Petyonvil anba kòlè …
Li Plis »Ayiti//Manifestasyon: PLIZYÈ MACHIN BOULE NAN PETYON VIL.
Manifestan yo kap manifeste nan lari pòtoprens Jodi Lendi 23 septanm 2019 la mete dife nan plizyè machin nan zòn Peyonvil epi tire wòch sou tout biznis ki sou wout yo. Aprè manifestan yo te fin kite Sena repiblik la sou bisantnè a pase chandmas,yo pran direksyon delma pou rive …
Li Plis »ESPÒ/PREMYE LIG: LIVERPOOL GENYEN MATCH CHÒK LA FAS AK CHELSEA.
Nan kad 6zyèm jounen chanpyona anglè a Liverpool konnen yon 6zyèm viktwa afile lè li bat Chelsea (0-2) nan fyèf li ayè dimanch 22 septanm 2019 la. Se nan mwens pase yon kadè ekip Liverpool la ta pral ouvri mak la avèk Trent Alexander Arnold ki ta pral tranble filè …
Li Plis »ESPÒ/LIGA: BENZEMA BAY REAL MADRID LAVIKTWA.
Apre li te fin tonbe nan kòmansman semèn nan (0-3) nan Champions league la ayè dimanch 22 septanm 2019 la Real madrid an deplasman fè yon kout viktwa (0-1)fas ak ekip Seville an. Se gras avèk Karim Bezema nan 64 yèm minit match la ki ta pral make yon bèl …
Li Plis »AYITI//DEBLOZAY: POPILASYON GONAYIV LA METE DIFE NAN BIWO SENATÈ CARL MURAT CANTAVE
Popilasyon Gonayiv la kraze épi mete dife nan biwo politik prezidan chanm Sena a senatè Carl Murat Cantave nan latibonit. Aprè senatè latibonit la te fin anonse seyans ratifikasyon Premye minis nome a pou Jodi Lendi 23 septanm nan, ebyen popilasyon Gonayiv la an kòlè kont senatè à ki daprè …
Li Plis »ESPÒ/KALSYO: INTER GENYEN LAREZON SOU MILAN POU DÈBI A.
Nan dèbi milanè a yon match ki konte pou katriyèm joune Serie A ekip enteris la kase mete nan men AC Milan samdi 21 septanm 2019 la. Se te yon bèl premye peryòd ant de ekip sa yo ki rete kòm ekip ki gen match klasik nan chanpyona italyen an.Premye …
Li Plis »AYITI/SOSYAL:YON SEMÈN ASENISMAN POU MET LAJAN NAN PÒCH SAK PI MAL YO.
Guy Joseph kowòdonatè platfòm rezistans tèt kale a, lanse yon nouvo pwogram asenisman nan komin petyonvil, jounen lendi 23 septanm 2019 la Nan entèvansyon kowòdonatè platfòm sila ki se yon estrikti pwòch pouvwa an plas la fè konnen pwogram sa lanse nan sousi pou pwomès prezidan repiblik la Jovenel Moïse …
Li Plis »AYITI/DEBLOZAY: SENATÈ RALPH FETHIERE MELE AKOZ LI TIRE NAN LAKOU PALMAN AN YON JOUNALIS YON MILITAN POLITIK PRAN BAL.
Seyans ratifikasyon premye minis nome a Fritz William MICHEL pa rive fèt nan palman Ayisyen maten lendi 23 septanb 2019 la jan sa te anonse a, gwo deblozay pete nan lakou palman. Ralph FETHIERE senatè nò a selon enfòmasyon li bay fè konnen li tire nan lakou palman vre jan …
Li Plis »AYITI//Deblozay: Dickson Oreste militan politik pitit Desalin frape telefòn prezidan Sena atè.
Dickson Oreste militan politik pitit Desalin rale telefòn prezidan Sena repiblik Carl Murat Cantave epi leve wotè tèt li frape atè.. Aksyon sa rive nan Yon ti bouch louvri militan politik la ak Prezidan Sena repiblik la, Dickson Oreste fè konnen Senatè latibonit la rale telefòn li epi li fè …
Li Plis »AYITI//POLITIK: Moun yo pa rive idantifye badichonnen sal diplomatik Sena repiblik la ak twalèt.
Pandan prezidan Sena repiblik Carl Murat Cantave ap niche pwent kreyonl pou al fè seyans Jodi Lendi 23 septanm 2019 la,ebyen Moun yo pa rive idantifye badichonnen sal diplomatik Sena repiblik la ak matyè fekal (twalèt).. Nap fè konnen salon diplomatik la se la Premye minis nome a ak manb …
Li Plis »