Popilasyon ayisyèn nan k’ap viv a gwo kè kase sou tout tèritwa nasyonal la akoz bandi k’ap taye banda san pwoblèm ak gwo zam fann fwa ta dwe rale yon souf gras ak yon komisyon prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE mete sou pye nan lakou palè nasyonal ayè lendi 11 …
Li Plis »AYITI BASKÈTBÒL: EKIP ONA A MASPINEN TELE AMIKAL POU TWAZYÈM SOTI YO.
Ekip Ona a te san pitye pou ekip Tele Amikal la ke yo maspinen samdi 9 mas 2019 la (93-57) nan CFC Babyòl pou twazyèm soti yo. Staf baskètbòl ONA a ki gen Paul Emile Adrien direktè spò, Stéphan Doltenus manager, Alexandre Lemoine Coach, St Hubin Makinzi ak Mitilien Warence …
Li Plis »Nouvèl lòt bò dlo/ Etyopi : Yon Boeing Ethiopian Airlines kraze avèk 157 moun.
Yon avyon etyopyan (Airline) kraze maten an, yon titan aprè dekolaj la nan ayewopò entènasyonal adiyabeba. Yon vòl Et302 ki relye kapital etyopyèn nan ak Newobi. Konpayi a endike yo pèdi kontak avyon an aprè 6 minit dekolaj lan. Rechèch e operasyon pou sove moun ap kontinye nan zòn sid …
Li Plis »LÈZETAZINI/JISTIS: ANSYEN DIREKTÈ KANPAY DONALD TRUMP LAN KONDANE POU 47 MWA PRIZON.
Paul Manafort, asyen direktè kanpay Donald Trump te jije pou fwod bankè e fiskal. Desizyon an pito favorab pou Manafort paske pèn nan enferyè ak rekizisyon pwokirè a. Dosye sa t ap mennen sou kòmandman pwokirè k ap ankete sou enjerans larisi nan kanpay Donald Trump. Robert Mueller te voye …
Li Plis »AYITI/NOT: DIREKTÈ ONA A CHESNEL PIERRE ADRESE LI AK FANM YO POU JOUNEN MONDYAL DWA FANM NAN.
Nan yon nòt ke direksyon jeneral Ona a soti jodi vandredi 8 mas 2019 la ki se yon jou ki sakre jounen entènasyonal dwa fanm direktè enstitisyon sila mèt Chesnel Pierre salye kouraj tout fanm e fè yo konnen enpòtans yo nan sosyete a. Direktè a fè konnen li konn …
Li Plis »FRANS JISTIS: LAJISTIS KONDANE KADINAL BARBARIN POU SIS (6) MWA PRIZON.
Tribinal koreksyonel Lyon, nan peyi lafrans, kondane kadinal Philippe Barbarin, jounen ki te jedi 7 mas 2019 lan pou yon pèn 6 mwa prizon paske l pat denonse agresyon yon prèt nan dyosèz li te fè sou plizyè timoun. Kèk tan aprè desizyon jij lan kadinal Philippe di li pwal …
Li Plis »ESPÒ/BASKÈT BÒL ASHBAC: EKIP ONA A AP FÈ TWAZYÈM SOTI YO SAMDI 9 MAS:
Ekip Baskètbòl Ona ap afwonte samdi 9 mas 2019 la Tele Amikal a 4:30 nan aprè midi nan CFC ki chita kò li nan zòn Babyòl ak yon staf ki genyen Paul Emile Adrien direktè espòtif, Alexandre Lemoine antrenè ak de (2) asistan ki se St Hubin Mackensi epi Mitilien …
Li Plis »1/8 definal retou lig dèchanpyon : Ajax imilye Real epi kalifye pou 1/4 definal.
Pèdi difisilman nan match ale a (1-2), Ajax reyalize yon match ekstrayòdinè jounen madi a, nan bènabewou an pou bat Real Madrid (4-1). Niyalandè yo kalifye pou 1/4 definal pou premye fwa depi 2003. Real Madrid koule. Twa fwa chanpyon dewòp yo pa pwal jwe 1/4 definal lig dèchanpyon pou …
Li Plis »Ejip/Jistis: Jounalis Fotograf, Mahmoud Abu Zeid alyas « Shawkan » jwenn liberasyon l.
Yon jounalis Fotograf Ejipsyen moun plis konnen sou non Shaw kan, ki te nan prizon depi nan lanne 2013 aprè li te fin kouvri yon manifestasyon islamis nan kapital peyi an kè. Jwenn libète l jounen lendi 04 mas 2019, aprè sis(6) zan prizon selon avoka lan. Mahmoud Abu zeid …
Li Plis »Nouvèl lòt bò dlo /Venezwela: Juan Guaido swete antre venezwela jounen lendi an.
Juan Guaido dwe antre jounen lendi 4 mas 2019 lan nan peyi venezwela, malgre menas arestasyon ki sou dol paske 22 fevriye 2019 dènye li te vyole entèdiksyon pou l pat kite Peyi an. Nan kad yon anket preliminè ki kondane l pou vòlé pouvwa. Mezi sa a te entèdi …
Li Plis »