Real Madrid konnen yon nouvèl defèt devan ekip Levante a samdi 20 oktòb 2018 la nan Santiago Bènabero a (1-2). Ekip Real Madrid la ki tap resevwa ekip Levante a konnen yon twazyèm defèt nan Liga a, byen bonè nan setyèm minit Moralés ta pral ouvè skò a pou Levante …
Li Plis »AYITI PETWOKARIBE: JEAN HENRY CEANT AP BAY YON PWEN PRÈS LENDI SOU AKSYON GOUVÈNMAN AN PRAL POZE NAN DOSYE PETWOKARIBE A.
Sekretè deta kominikasyon an Eddy Jackson Alexis anonse nan yon twit ke premye minis la, Jean Henry Ceant ap bay yon pwen près lendi 22 oktòb 2018 kap vin la kap gen pou touche dosye petwokaribe a. Premye minis Jean Henry Ceant ap gen pou prezante « jeudis petro » yon pwogram …
Li Plis »AYITI POLIS: MANLEY FERDINAND,YON CHÈF BANDI TONBE NAN TIRE AK LAPOLIS
Chèf bandi Manley Ferdinand mouri yèswa ki te jedi 18 oktòb 2018 la nan tire ak lapolis nan komin Akayè. Nan yon operasyon lapolis mennen yèswa nan lokalite Laba nan site drapo a, yon lokalite ki pa twò lwen ak komisarya Sen Meda a chèf bandi Manley Ferdinand mouri nan …
Li Plis »AYITI PETWOKARIBE: PLIZYÈ SANTÈN MILYE MOUN PRAN LARI POU MANDE LIMYÈ SOU LAJAN PETWOKARIBE A.
Ayè mèkredi 17 oktòb 2018 la plizyè santèn milye moun pran lari nan lakou Pòtoprens, Okay, Jakmèl, Okap, Senmak ak kèk lòt vil nan peyi a pou mande limyè sou depans lajan petwokaribe a. Branch bwa, pankat nan men se konsa plizyè jèn fanm jèn gason granmoun te marye vwa …
Li Plis »AYITI KOMEMORASYON: Prezidan Jovenel Moïse patisipe nan seremoni komemorasyon 212 lane lanmò papa Nasyon an, Jean Jacques Dessalines.
Ayè mèkredi 17 oktòb 2018 la Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, kite gen bò kotel Premyè Dam nan, Martine Moïse, Premye minis Jean Henry Céant, prezidan Kou kasasyon an, Met Jules Cantave ak plizyè palmantè tankou prezidan chanm depite a, Gary Bodeau ak senatè Gracia Delva, patisipe, mèkredi 17 …
Li Plis »ESPÒ LIG NASYON CONCACAF: SELEKSYON NASYONAL LA FÈ YON DEZYÈM VIKTWA (1-2).
Seleksyon nasyonal bò kote mesye yo fè yon viktwa sou ekip Sent Lisi a (1-2). Pou dezyèm soti seleksyon nasyonal la nan Lig nasyon zòn concacaf la, grenadye yo fè yon dezyèm viktwa, byen bonè nan trèzyèm minit match la Sony Mustiva ta pral ouvè skò a pou Ayiti epi …
Li Plis »AYITI PETWOKARIBE: PLIZYÈ JOUNALIS SIBI ZAK VYOLANS NAN JOUNEN 17 OKTÒB 2018 LA
Pandan mouvman ayè 17 oktòb 2018 la jounalis yo konnen yon move moman anba men moun ki tap made limyè sou lajan petwo karibe yo. Plizyè jounalis ki te al kouvri aktivite komemorasyon 212 lane lanmò papa nasyon an Jean Jacques Dessalines nan zòn Machan Dessalines konnen yon move moman …
Li Plis »AYITI RIMÈ: MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL DEMANTI RIMÈ KAP SIKILE SOU REZO SOSYO YO.
Responsab edikasyon natyonal yo demanti enfòmasyon ki ta fè kwè pap gen lekol demen 18 oktob la pou jis lendi 22 oktòb 2018 la. Pandan fen jounen an yon nòt soti sou non ministè edikasyon nasyonal, nòt la fè konnen pòt tout lekòl ap rete fèmen pou lendi 22 oktòb …
Li Plis »AYITI VYOLANS PNH: YON KOMISÈ POLIS PRAN BAl BYEN BONÈ MATEN AN.
Komisè #1 komin Petyon vil la Jean Gospel Monélus pran yon bal byen bonè maten madi 16 oktòb 2018 la nan yon operasyon lapolis tap mennen nan blòk Delmas 95. Komisè a ki te nan yon patrouy ki tap siyone lari a ta pral resevwa yon bal nan men li …
Li Plis »AYITI PNH: DG PNH LA REYAJI SOU JOUNEN 17 OKTÒB 2018 LA.
Direkté jeneral polis nasyonal peyi Dayiti a Michael Gédeon reayaji yèswa ki te lendi 15 oktòb 2018 la sou jounen 17 oktòb 2018 la. Dg PNH la raple misyon polis la se pwoteje ak sèvi tout vi ak tout byen, kit gen lajan kit pa gen lajan e kèlkanswa kote …
Li Plis »