_Lavi moun ki ap travèse rantre Sid Kapital la, nan nivo Matisan ak Fontamara pa reprezante anyen pou nèg ak zam ki ap fè lalwa nan katye sa yo depi plis pase 6 mwa. Prèske chak jou nèg ak zam ki kontwole wout nasyonal nimewo 2 nan Matisan ak Fontamara …
Li Plis »LEMOND/ DRAM: POU PI PITI TRÈZ (13) MOUN MOURI AK SENKANT SÈT (57) LÒT BLESE PANDAN ERIPSYON YON VÒLKAN NAN PEYI ENDONEZI
Eripsyon vòlkan « Semeru », nan peyi Endonezi touye pou pi piti trèz (13) moun, selon yon bilan pwovizwa alòske rechèch yo ap kontinye nan lil « Java » vòlkan ki etann li nan onz (11) vilaj. Peyi Endonezi gen pou pi piti senk san (500) vòlkan ladan yo ven senk(25 %) an aktivite, …
Li Plis »AYITI/ DÈY: YON ANSYEN JOUNALIS RESPONSAB TELEVIZYON NASYONAL FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO
Ansyen jounalis responsab radyo televizyon nasyonal Dayiti (TNH) ak jounalis nan radyo « Haïti Inter », nan lane 70 ak 80 yo Jacques Price, mouri nan lannwit twa (3) pou louvri kat (4) desanm 2021 an. Ansyen jounalis la, te sanble ap soufri ak yon maladi depi plizyè jou malgre yo te …
Li Plis »AYITI/ KIDNAPIN :NÈG AK ZAM KIDNAPE NOVIA AUGUSTIN, PREZIDAN FEDOFEDH LA
_Van kidnapin lan pa sispann soufle sou peyi Dayiti. Nèg ak zam kidnape Novia Augustin, prezidan federasyon òganizasyon fanm pou egalite ak dwa moun ( FEDOFEDH) nan Dèlma 75 vandredi 3 desanm 2021 an._ Novia Augustin kidnape nan Dèlma 75 vandredi 3 desanm 2021 an. Prezidan federasyon òganizasyon fanm pou …
Li Plis »AYITI/ASIRANS: OAVCT LANSE YON NOUVO ESPESYAL POLIS ASIRANS KI RELE « 7 SOU 7 »
_Nan yon konferans pou laprès jounen vandredi 3 desanm 2021 an, ofis asirans veyikil kontretyè ( OAVCT) lanse yon nouvo espesyal renouvèlman polis asirans ki pote non « 7 Sou 7″ soti madi 7 desanm 2021 pou bout vandredi 7 janvye 2022_ . Sityasyon ensekirite makònnen ak fenomèm kidnapin nan, gen …
Li Plis »LEMOND/ KOWONAVIRIS: APRÈ YON SEMÈN NOUVO VARYAN KOWONAVIRIS « OMICRON » AN POKO TOUYE MOUN, DAPRÈ OMS
Nan yon konferans layv pou laprès otorite yo nan Òganizasyon Mondyal Sante (OMS), bay jounen jedi de (2) desanm 2021 an fè konnen yo pako resanse okenn ka lanmò nan nouvo varyan kowonaviris « Omicron » an. Peyi Lafrans vini nan tèt lis la ak nèf (9) ka nouvo varyan kowonaviris « Omicron » …
Li Plis »AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS DEFAKTO A PILE LAKOU PALÈ NASYONAL
_Premye minis defakto a, Ariel Henry dirije jounen jedi 2 desanm 2021 an yon konsèy minis nan palè nasyonal._ Yon semèn apre Lyonel Valbrun fin pèdi djòb li kòm sekretè jeneral laprezidans la, chèf gouvènman ayisyen dirije premye konsèy minis li nan palè nasyonal. Nan kad konsèy minis sa, diskisyon …
Li Plis »AYITI/ ESTA: SHABBA ANONSE DIVÒS LI AK MADANM LI
_Shabba ki gen pou bon Hervé Anténor anonse li ap fè yon kraze kite sa nan relasyon li te gen ak madanm li Diane Claude Anténor. Nan yon nòt li fè soti, ansyen mizisyen djakout #1 la pa site rezon ki lakoz li ap pran desizyon sa._ Chantè ak mizisyen …
Li Plis »AYITI/POLITIK: APRÈ DE (2) LANE LI FIN PASE NAN PRIZON ANSYEN DEPITE ARNEL BELIZAIRE FÈ PÈP LA GWO PWOMÈS SOU KOZE ENSEKIRITE A.
Touswit aprè liberasyon li ansyen depite Arnel Belizaire ki te nan prizon, deklare mèkredi premye desanm 2021an, li pral batay pou retabli la pè sitou nan katye popilè yo, li di li pral mete linyon nan mitan group gang yo ak sekirite nan peyi a. Yon lòt kote, ansyen depite …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: POU PITI KAT (4) MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT BLESE
_Lagè ant plizyè gwoup gang nan Matisan kontinye ap mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan. Kat (4) moun pou piti pèdi lavi yo ak plizyè lòt blese mèkredi apremidi pandan nèg ak zam ki kontwole twazyèm sikonskripsyon an tap toke kòn yo. Viktim yo te nan yon bis transpò …
Li Plis »