Sis (6) endividi jwenn arestasyon yo bon repo nan yon katye ki twouve li nan komin kwadèboukè mèkredi 20 oktòb 2021 an. Akize kòm asosyasyon malfétè ak kidnapè, popilasyon an denonse sitwayen sa yo ki fè pati yon gwoup gang ki gen nan tèt li Patrick kap opere nan zòn …
Li Plis »AYITI/KOMINIKASYON : PLIS PASE 150 ANTÈN DIJISÈL ANPÀN NAN TOUT PEYI A AKÒZ PA GEN GAZ.
Nan yon twit PDG dijisèl la Maarten Boute mete deyò jounen madi 19 oktòb 2021 an, li fè konnen de plizanpli pwoblèm dizèl la afekte operasyon dijisèl yo. Pilwen, PDG dijisèl la fè konnen sou 1500 antèn dijisèl ki genyen nan tout peyi a gen pou pipiti 150 antèn ki anpàn …
Li Plis »AYITI/ POLITIK : SEKTÈ DEMOKRATIK LA METE GWO PRESYON SOU DO PM ARIEL HENRY POU L FÒME YON LÒT GOUVÈNMAN
Nan yon rankont ak laprès jounen mèkredi 20 oktòb 2021 an, manm ki rele tèt yo Sektè Demokratik ak Popilè (SDP), bay dat premye novanm ki ap vini la pou premye minis defakto Ariel Henry, respekte dil ou byen akò politik 11 septanm ki te siyen ant plizyè pati politik …
Li Plis »AYITI/GAZ: PLIZYÈ CHOFÈ TAKSI MOTO PRAN LARI NAN KOMIN MONRI
Pilzyè chofè taksi òganize jounen mèkredi 20 oktòb 2021 an, yon mouvman pwotestasyon nan komin Monwi, nan depatman Latibonit pou denonse ratman gaz ki gen nan peyi a. Pwotestatè chofè taksi yo, deside mete moto yo sou wout nasyonal nimewo 1 « RN1 », pou denonse lejète otorite nan Leta fas ak …
Li Plis »AYITI/TANSYON: GWO VAN TANSYON SOU WOUT DÈLMA A NAN NIVO DÈLMA 30.
Yon gwo van tansyon sou wout Dèlma a anfas Dèlma 30 jounen mèkredi 20 oktòb 2021 an nan lè 10h25 lan. Tansyon sa rive akoz gaz ki pa genyen, chofè moto yo fache, yo mete kawotchou wòch epi kouri moute kouri desann ak anpil bri klaksòn sa vin mete tout …
Li Plis »DIGICEL/MON CASH: PDG DIGICEL LA MANDE POU MOUN KI PA DAKÒ OGMANTASYON PRI A POU YO AL JWENN YON LÒT KONKIRAN
« Si yo pa vle kliyan Digicel, yo gen chwa pou yo al jwenn yon konkiran. Nou se yon antrepriz prive. Nou pa enpoze anyen », deklare PDG DIGICEL la, Maarten Boute, sou radyo Magik 9 madi 19 oktòb 2021 an. Desizyon konpayi telekominikasyon Digicel pran pou ogmante pri retrè ki gen …
Li Plis »AYITI MANIFESTATION : POPILASYON HAUT LAFITO AN MANDE LIBERASYON MISYONÈ CAM YO
Jounen madi 19 oktòb la, moun Titanyen haut la fito manifeste pou mande liberasyon 17 misyonè etranje bandi 400 mawozo kidnappé nan komin « Croix-des-Bouquets » kote yo mande 17 milyon dola ameriken pou yo libere yo. Manifestasyon sila te kòmanse devan pòs polis Titanyen an, poul te al bout devan lokal …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN: MADANM PASTÈ FERRER MICHEL MANDE LIBERASYON MARIL
Nan yon videyo ki ap sikile sou rezo sosyal yo, madanm Ferrer Michel akonpanye ak pitit li Vanesa Michel demanti enfòmasyon ki fè kwè pastè legliz JESUS CENTER a jwenn liberasyonl. Daprè deklarasyon madanm pastè a ki kontinye ap mande liberasyon li, si vrèman pastè Ferrer Michel te libere se …
Li Plis »LEMONN/STWA: 20 OKTÒB 2021 AN FÈ 10 LANE DEPI MOUAMMAR KADHAFI TE MOURI
_Lidè libyen an, Mouammar Kadhafi te asasinen 20 oktòb 2011 apre 42 lane sou pouvwa. Peyi oksidantal yo te kalifye rejim li a » yon rejim totalitè »._ Dis (10) lane apre li fin mouri, toujou gen deba ki egziste sou fason li te mouri a. Gen vèsyon ki fè kwè se …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: PLIZYÈ ETIDYAN KI TA PRAL KONPOZE KONNEN YON MOVE MOMAN ANBA MEN BANDI
Yon gwoup etidyan ki ta pral konpoze Gonayiv konnen yon moman nwa jounen madi 19 oktòb 2021 an, nan zòn Kafou Vincent selon enfòmasyon nou rive jwenn. Etidyan sa yo ki te nan yon bis ta pral tonbe sou yon gwoup bandi nan zòn Kafou Vincent kote bandi yo fouye …
Li Plis »