Nan yon konferans pou laprès jounen jedi 14 oktòb 2021 an, Chèf kilt vodou ayisyen ougan Cedral Noelus ak ougan Francois Edson bay dizon yo sou KEP ak mache prese pou fè eleksyon an. Chèf kilt la deklare « Mwen pa konprann anyen, pwoblèm sekirite a poko rezoud, volim kidnapin nan …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN: ETAZINI DEKLARE YO PAP NEGOSYE AK RAVISÈ KI KIDNAPE 16 MISYONÈ AMERIKEN YO AK KANADYEN AN.
Eta ameriken an fè konnen yo pa nan politik pou yo negosye ak gwoup gang 400 mawozo pou libere misyonè yo, sèl objektif Etazini se pèmèt otaj yo retounen lakay yo. Daprè Deklarasyon pòt pawòl mezon blanch lan, Jen Psaki ki tap entèveni nan yon konferans pou la près. Wachinton …
Li Plis »JAKMÈL/ATERISAJ: YON AVYON FÈ YON ATERISAJ FÒSE
Yon avyon fè yon aterisaj fòse sou pis avyasyon ki nan Jakmèl la madi 19 oktòb la nan aswè akoz yon pwoblèm teknik. Selon enfòmasyon yo, avyon sa se yon avyon meksiken ki ta prale nan peyi Kiba, de (2) pilòt yo ki ta gen nasyonalite dominiken soti san yo …
Li Plis »AYITI/SINEMA: GWOUP STAF TÈT ANSANM AP CHACHE AKTÈ AK AKTRIS POU YON NOUVO SERI
Gwoup staf tèt ansanm ki se yon gwoup teyat ki chita kò li nan Dèlma 19, lanse yon rekritman pou kapab jwenn aktè ak aktris pou yon nouvo seri kap demare nan mwa novanm kap vini la. Moun kap gen pou patisipe yo ap peye yon frè mil goud ($200ht). …
Li Plis »AYITI/ GRÈV : GRÈV ASOSIYASYON CHOFÈ AK TRANSPÒTÈ YO BOUT
_Nan yon kominike pou laprès asosyasyon pwopriyetè ak chofè Dayiti (APCH), ki gen nan tèt li Méhu Changeux mete deyò, yo fè konnen grèv la ap leve jounen madi 19 oktòb 2021 an a 4è nan apremidi._ Grèv « ilimite » asosyasyon pwopriyetè ak chofè Dayiti (APCH) te lanse a pou otorite …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE : YON PASTÈ LEGLIZ MANDE FIDÈL LI YO POU MACHE AK MANCHÈT YO
Pastè legliz « Eglise de Jesus Christ Full Gospel » Job Antoine, mande tout moun ki ap mache anndan legliz li yo pou yo mache ak manchèt yo pou defann tèt yo anba kidnapin nan kap vale teren nan lakou peyi Dayiti. Pastè a chita sou pasaj Luc 22:36 anndan bib la …
Li Plis »LEMOND/ATAK : 43 MOUN MOURI NAN YON MACHE PIBLIK NAN PEYI NIJERYA
Nan yon atak ki fèt jounen dimanch 17 oktòb 2021 an, 43 moun mouri nan yon mache piblik ki nan Nòdwès peyi Nijerya. Nan yon bilan otorite nan peyi Nijerya, prezante jounen lendi 18 oktòb la, fè konnen gen 43 moun mouri ak plizyè lòt blese, bandi ki fè aksyon …
Li Plis »AYITI/ELEKSYON: FEDERASYON PWOTESTANT BOUDE ENVITASYON PREMYE MINIS ARIEL HENRY POU PATISIPE NAN KONSÈY ELEKTORAL PWOVIZWA A (KEP).
Nan yon lèt tou louvri Federasyon Pwotestant Ayiti (FPH) voye bay Premye minis Ariel Henry lendi 18 oktòb 2021 an, selon Federasyon an, douvan sitiyasyon malouk pèp Ayisyen an ap travèse anba tout kalite pwoblèm, nou menm kretyen pwotestan yo, nou pap patisipe nan fòmasyon konsèy elektoral pwovizwa a. Yon …
Li Plis »AYITI/GRÈV: TOUT AKTIVITE YO PARALIZE NAN DEPATMAN LWÈS
Grèv sektè transpò ak sendika transpò yo te lanse nan tout peyi pran a 80%. Sa lakoz anpil antrepriz pa fonksyone nan zòn Metwopolitèn lan, akoz anplwaye yo pa ka jwenn machin pou vin travay. Byen bonè maten lendi 18 oktòb 2021 an, tout pòt lekòl te ret fèmen , …
Li Plis »AYITI/GREV: MALGRE KONFLI NAN SEKTÈ TRANSPÒ A, POPILASYON SENMAK LA BLOKE TOUT AKTIVITE YO POU DEZYÈM JOUNEN GRÈV LA.
Malgre yon konfli nan sektè transpò a pou leve grèv la, popilasyon Senmak la bloke tout aktivite yo byen bonè maten madi 19 oktòb 2021 an. Yon gwoup moun mache fèmen divès antreptriz ki te gen entansyon ouvri pòt yo, moun sa yo te ale nan kèk lekòl fòse tout …
Li Plis »