AYITI / AFWONTMAN: NASYON ZINI GEN KÈ SOTE AKOZ GOUMEN GANG AK GANG YO NAN PEYI AYITI.

Òganizasyon Nasyon Zini (ONU), montre gwo kè kase yo akoz batay gwoup gang yo nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, daprè yon kominike yo pibliye samdi senk (5) jen 2021 an.

Nasyon Zini, di yo enkyete anpil akoz sitiyasyon ensekirite a ki ap taye banda nan peyi depi byen lontan mete sou sa batay gwoup gang yo nan divès zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan tankou site Solèy, Belè, ak Matisan. ONU ki di: » gwo ensidan, latibrazay , balewouze ki fèt nan katye Matisan, Belè ak site Solèy lakoz plizyè moun mouri ak blese epi plizyè santèn fanmi oblije pran rak pou evite yo viktim anba bal bandi ».

Boutofen, Nasyon Zini, ki raple otorite yo nan lannwit premye jen an gwo dife ki te eklate nan « Camp Toussaint brave » nan Dèlma lakoz pou pi piti desan (200) fanmi san kote pou yo rete.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …