Nan yon rapò òganizasyon rezo nasyonal dwa moun yo ( RNDDH) mete deyò lendi 17 me 2021 an, fè konnen pou piti ven (20) moun mouri ak yon dizèn kay boule, aprè masak ki te fèt vandredi katòz (14) ak kenz (15) me pase a ant gang » Crache Dife » ak manm G-9 an fanmi ak alye ki gen nan tèt li Jimmy Cherizier alyas » Barbecue ».
Direktè egzekitif RNDDH la, Pierre Esperance, fè konnen se yon bilan pasyèl responsab yo nan òganis dwa moun lan prezante. Pi lwen defansè dwa moun lan raple nan lane 2018, manm gang » Crache Dife » te fè yon masak nan Lasalin sou konplisite otorite ak lapolis.
Toujou daprè rapò RNDDH la, nan de (2) mwa genyen de (2) masak ki fèt nan katye Belè youn te fèt sòti tranteyen (31) mas pou rive premye (1) avril 2021 an te touye disèt (17) moun, masak katòz (14) ak kenz (15) me pase touye pou piti ven (20) moun.