AYITI-AKEN/MANIFZSTASYON: ABITAN NAN VIL ANFEN KONTINYE MANIFESTE KONT LAVI CHÈ.

Plizyè dizèn (10) moun manifeste nan vil aken Ayè jedi 07 fevriye a nan objektif pou mande ak otorite yo, fè yon fason pou diminye Lavi chè nan ki pa sispann taye banda toupatou nan peyi a.

Pankat nan men, branch bwa , manifestan yo pakouri plizyè ri nan vil la pou pwoteste kont grangou a nan peyi a.
Sou tout pakou a yo t’ap rele aba lavi chè, nou pa kapab ankò ak lavi a .

Moun sa yo ki sòti nan plizyè zòn nan vil la Aken an deja anonse y’ap kenbe flanbo manifestasyon an jiskaske leta pran yon desizyon pou frennen fenomèn si la.

 

Gédeon Delva

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …