Òganizasyon « Stop Accident » prezante jounen lendi nèf (9) dawout 2021 an, bilan kantite aksidan yo resanse sòti semèn de (2) dawout pou rive dimanch uit (8) dawout 2021 an.
Direktris egzekitiv » Stop Accident », doktè Cassandra Jean François, fè konnen yo resanse 12 moun ki mouri ak 91 lòt ki blese nan 32 aksidan sikilasyon. Doktè Cassandra Jean François, mande ak kondiktè yo pou itilize plis pridans lè yo ap kondwi.
Selon bilten òganizasyon « Stop Accident », seri aksidan sa yo fèt komin Tomond, Matisan 15, Akayè, Klèsin, Gran rivyè Nò, Leyogàn, Dam Mari ak lòt vil toujou.
Dieuva Occidor