AYITI/AKSIDAN: 2 MOUN MOURI, ANVIWON 10 LÒT MOUN BLESE NAN YON AKSIDAN MACHIN PETYONVIL

jodi dimanch 27 janvye 2019 la yon gwo kamnyon ki t’ap pran direksyon wout frè (petyonvil) rive pèdi fren epi lakoz lanmò 2 moun mouri ak anviwon yon dizèn (10) lòt moun blese.

Kèk minit aprè aksidan an Lapolis Nasyonal Dayiti(PNH) te rive nan espas lan ak sekou lòt moun nan zòn lan, yo te rapid pran chimen pou transpòte blese yo lopital pou al pran swen yo merite.

Toujou nan menm aksidan sila gen anviwon yon dizèn (10) machin ki te estasyone nan Ri Metelus gwo kamyon ki pèdi fren an lakoz youn frape ak lòt.

Selon sa moun ki te sou plas nan moman aksidan an fè konnen <<Chofè Gwo kamyon an pat manke mete van nan vwal li aprè aksidan an>>.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …