AYITI/AKSIDAN :YON MOUN PÈDI LAVI LI AK 3 MOUN BLESE GRAV NAN YON AKSIDAN KI FÈT ANT 2 MACHIN NAN KOMIN KABARÈ

Yon moun mouri ak 3 moun blese grav sou wout nasyonal  nimewo 1 nan komin Kabarè nan lokalite » Mòn Total » nan aksidan  2 machin ki  pote sab ak siman ki te frape ansanm jounen mèkredi 9 desanm 2020 an .

Prezidan komisyon enterimè komin Kabarè a Joseph Guillaume fè konnen viktim yo te transpòte nan yon sant sante ki touprè a pou yo te ka jwenn swen ke yo merite.

Plizyè aksidan anrejistre nan mòn sa se yon nan rezon ki fè Guillaume te pran tan li pou li te mande responsab direksyon polis santral lan pou  yo voye polisye vini fè yon kontwòl sou chofè yo pou yo pa fè eksè vitès lè yo rive nan  mòn nan.

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …