AYITI/ALMAY: YON AYISYEN KI SOTI SITE SOLÈY NAN WOUT POU LI MAJISTRA NAN YON VIL NAN PEYI ALMAY.

Adomblo Sanon se non yon jèn ayisyen ki te kite peyi a pou al etidye nan peyi etranje kote li te pase nan peyi Sendomeng  apre li tal an Almay nan vil Muhr am See kote li poze kandida poul vin majistra vil sila apre li fin pase kat (4) lane ap viv ladann kote li marye epi genyon pitit.

Adomblo Sanon fèt nan peyi Dayiti nan lane 1988 nan zòn Pele Simon ki chita kò li nan komin Site Solèy, li se sèl nwa epi  pi jèn kandida pami douze kandida Alman ki gen menm rèv avèk li ki se genyen eleksyon yo. Selon enfòmasyon yo, moun kap viv nan Muhr am See trè tolere pitit Dessalines nan ki toujou disponib pou tout moun granmoun kou timoun swa nan ba yo konsèy oubyen lòt èd.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …