Lapolis mete anba kòd kòdonatè komisyon nasyonal dezameman, demantèlman ak reyensèsyon an(CNDDR), Jean Rebel Dorcenat jounen mèkredi 7 jiyè 2021 an nan Beladè._
Lapolis mete anba kòd Jean Rebel Dorcenat pandan li tap eseye janbe fontyè pou ale nan peyi Sendomeng. Daprè enfòmasyon redaksyon echo Jounal genyen, Jean Rebel Dorcenat retwouve li pou kounya nan komisarya ki nan komin Beladè.
Okenn enfòmasyon poko disponib sou kisa ki ta lakoz Lapolis mete men nan pat kasav Jean Rebel Dorcenat.
Jean Rebel Dorcenat, se te sitwayen sa prezidan repiblik la Jovenel Moïse te bay misyon pou pale ak gang yo nan lide pou fè yo depoze zam.
Echo Jounal