AYITI ARESTASYON: SEKIRITE YON DEPITE ANBA KÒD POU ZAM ILEGAL AK MACHIN SAN PLAK.

Jodi mèkredi 28 novanm 2018 la  lapolis petyonvil arete youn nan sekirite depite marigo a Deus Deronneth ki tap sikile ak yon machin san plak, e kite gen sou li yon zam (PNH) polis nasyonal dayiti ke Moun pat janm rive idantifye ta vòlè nan lane 2016 la selon komisè petyonvil la.

Depite Deus Deronneth ki tap reyaji sou arestasyon an rekonèt ke Andrecite Cadette ke lapolis mete anba kòd la se sekirite li, li fè konnen ke zam yo jwenn nan men sekiritel la se yon zam sekirite li a te dil ke li achete nan men yon polisye. depite a fè konnen tou ke machin nan se yon  » Porsche Cayenne ». Se pou li e li gen tou de (2) plak yo.

 

Kervins Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …