AYITI/ARESTASYON:LAPOLIS ARETE 3 BANDI NAN MARIANI  KOMIN GRESSIER

Lapolis Ayisyèn nan nan Mariani (Gresye) arete twa (3) moun ki te pran yon kamyon ki te pote machandiz pou ale okay nan depatman sid  peyi an madi 15 septanm 2020 an daprè yon kominike polis nasyonal Ayisyen an (PNH) la.

Telusma Lebon ,Joseph Ronald ak Étienne Jean Wesly Wilbose se twa moun kite pran  kamyon machandiz la epi yo te kenbe chofè a ak moun ki te ladann yo.

Bandi yo te tire anpil, gen de (2) moun ki blese grav ak bal youn se CASEC Emmanuel Jean François, sa yo te pase avan polis yo te rive sou plas.

Angeline Michel

Kredi foto:pinterest

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …