AYITI/ASASINA: AK SIPÒ POPILASYON AN LAPOLIS METE ANBA KÒD PLIZYÈ PREZIME ASASEN JOVENEL MOÏSE NAN JALOUZI.

Ak sipò popilasyon Petion ville la Lapolis nasyonal Dayiti mete men sou 2 prezime asasen Jovenel Moïse nan zòn Jalouzi jounen jedi 8 jiyè 2021 an._

Arestasyon gwoup prezime asasen Jovenel Moïse yo ap kontinye nan peyi a. Aprè popilasyon an te fin alète Lapolis sou prezans 2 etranje yo te wè nan Jalouzi, fòs lòd yo te rive epi te mete moun sa yo anba kòd.

Malgre se popilasyon an ki te rele Lapolis nan Petyonvil pou vin pran yo, ajan PNH yo te gen gwo difikilte pou soti ak yo, popilasyon an te vle pran yo.

Daprè enfòmasyon yo, 2 moun sa yo se ta 2 prezime asasen nan lanmò ansyen chèf Leta ayisyen an Jovenel Moïse.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …