AYITI/ ASASINA:  » ARIEL HENRY TRAYI JOVENEL MOÏSE. LI BLOKE ANKÈT SOU ASASINA JOVENEL MOÏSE « , DEKLARASYON ANSYEN KONSEYE PATRICK CRISPEN.

Nan mwens ke yon jounen pou make de (2) mwa depi mèsenè kolonbyen ak ayisyen te asasinen ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an, lakay li nan Pèleren senk (5), komin Petyon Vil.

Ansyen konseye Jovenel Moïse, Patrick Crispen, deklare sou « Radyo Kingdom Fm »  » Premye Minis Ariel Henry trayi Jovenel. Li bloke aparèy jistis la pou Jovenel pa jwenn jistis. Li pa montrel gen volonte pou fè okenn avanse nan travay ansyen prezidan Jovenel te kòmanse yo. Li pa gen plas li kotel ye a ».

N ap raple, jij enstriktè Gary Orelien, ki ap enstwi dosye asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moise te odisyone ansyen chèf inite sekirite prezidansyèl la (USP), Jean Laguel Civil, pandan semenn ki sot pase a.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …