AYITI/ASASINA: ASASINA PWOFESÈ PATRICE DORENONCOURT, OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN CHOKE

Nan yon nòt ofis pwoteksyon sitwayen (OPC) mete deyò jounen lendi 1 novanm nan, òganis endepandan kap fè pwomosyon ak defann dwa moun nan fè konnen asasina pwofesè Patrice Michel Derenoncourt anba men ravisè yo choke l.

Daprè ofis pwoteksyon sitwayen, se avèk anpil emosyon, latristès ak endinyasyon li aprann bandi san fwa ni lwa touye pwofesè Patrice Michel Derenoncourt yo te kidnape 16 oktòb 2021.  » Se yon kou di pou kominote Inivèsite a. Mèt Derenoncourt se yon pwofesè konpetan, disipline, jovyal ki toujou ap sèvi etidyan e toujou pare nan sousi pou kolabore ak kolèg li yo », ekri nan nòt ki pote siyati mèt Renan Hédouville.

Òganis endepandan ki ap fè pwomosyon ak defann dwa moun nan (OPC) kalifye kidnapin nan kòm zak teyoris ak krim kont limanite. « Enfòmasyon ki ap sikile fè kwè gen kèk otorite nan Leta a ki enplike nan zak kidnapin pwewokipe OPC. Pasivite ou silans konplis yo fas ak fenomèm nan bay popilasyon an gwo kè kase », ekri ofis pwoteksyon sitwayen ki, pi lwen, « egzije jistis pou pwofesè Patrice Michel Derenoncourt. »

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …