Lidè MTV Ayiti a, Reginald Boulos fè konnen asasina prezidan Jovenel Moïse la se yon move bagay li ye pou peyi a. Nan yon twit li fè sou kont twitè li, Reginald Boulos kondane zak sila._
Prezidan ayisyen an asasinen, daprè Claude Joseph. Nouvèl sa lakoz anpil reyaksyon. » Asasina prezidan Moïse la se yon move bagay li ye pou peyi a e nou kondane ak tout fòs nou kalite krim sa », Reginald Boulos sou kont twitè li.
Antreprenè a ki se lidè politik kounya pa kwè vyolans janm pote solisyon nan anyen. » Nou ret kwè vyolans pap janm yon solisyon. N ap mande lajistis fè travay li ».
Pi lwen, Reginald Boulos mande popilasyon an pou yo mete tèt yo ansanm pou travay pou lapè ak sekirite.
Echo Jounal