AYITI/ ASASINA : DE (2) POLISYE AK YON LÒT ENDIVIDI KI SISPÈK NAN LANMÒ JOVENEL MOÏSE, JWENN ARESTASYON YO.

Lapolis nasyonal peyi Dayiti, anonse madi ven (20) jiyè 2021 an, ke yo arete twa (3) endividi ki sispèk nan zak asasinay sou ansyen chèf Leta Jovenel Moïse, lakay li nan Pèleren senk (5), madi sis (6) pou rive mèkredi sèt (7) jiyè 2021 an.

Direktè jeneral pou ti bout tan polis la, Léon Charles, nan kad yon konferans pou laprès fè konnen gen twa lòt moun ki jwenn arestasyon yo nan ankèt ki ap mennen sou lanmò a pami moun sa yo gen de (2) polisye ki se Bony Grégoire ak Cliffton Hyppolite. Fòs lòd yo fouke tou Dominique Covain ki ta patisipe nan tout planifikasyon reyinyon asasinay la.

Pou fini, lapolis deja fouye pou pi piti sèt (7) kay e yo jwenn plizyè materyèl tankou zam, katouch ak grenad.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …