AYITI/ASASINA JOVENEL MOÏSE : YON DRAM NASYONAL, DAPRÈ ANSYEN PREMYE MINIS EVANS PAUL

Nan yon nòt biwo ansyen premye minis Evans Paul mete deyò, yo fè konnen ansyen PM nan devaste epi li kalifye sak pase lakay prezidan Jovenel Moïse la nan peleren de dram nasyonal._

« Asasina krapile prezidan Jovenel Moïse nan lannwit madi 6 pou rive mèkredi 7 jiyè 2021 lakay li se yon veritab dram nasyonal kote madanm li, Martine Moïse blese grav », daprè Evans Paul.

Ansyen premye minis la, pandan li kondane sa ki pase a mete popilasyon an devan yon evidans kote soti nan senp sitwayen pou rive nan premye sitwayen peyi a pa gen pèsòn ki alabri parapò ak klima vyolans enfènal ki pa sispann simen dèy nan mitan fanmi ayisyen yo.

Evans Paul prezante kondoleyans li bay fanmi ak pwòch ansyen prezidan Jovenel Moïse epi swete madanm li bon retablisman.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …