AYITI/ASASINA: LAURENT LAMOTHE FÈ YON GWO DEKLARASYON SOU YON ARESTASYON KI FÈT NAN ASASINA PREZIDAN JOVENEL MOISE.

_Ansyen premye minis peyi Dayiti sou administrasyon Michel Joseph Martelly a, Laurent Lamothe, fè konnen Samir Handal se yon grenn nan otè entèlektyèl asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse._

« Batay pou laverite ak Lajistis la poko bout. Samir Handal se yon grenn nan otè entèlektyèl asasina Jovenel Moïse la », ekri ansyen chèf gouvènman peyi Dayiti Laurent Lamothe.

Daprè ansyen premye minis la, fòk gen pasyans ki pran avan yo jwenn rès yo.  » Fòk jistis ak verite ka blayi », daprè sa l di.

Otorite nan peyi Tiki te arete nan dat 15 novanm 2021 antreprenè Samir Handal, youn nan prezime asasen nan lanmò Jovenel Moïse la ki te gen manda ki te mete dèyè l.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …