AYITI/ ASASINA: MOUVMAN FANM NIP KONDANE ZAK ASASINAY ANSYEN CHÈF LETA.

Nan yon nòt pou laprès, Mouvman Fanm Miragwàn/ Nip (MOFAM/NIP), voye nan sal redaksyon Echo Jounal, kondane ak tout fòs li zak asasinay ki fèt sou ansyen prezidan Jovenel Moïse, lakay li nan Pèleren senk (5) nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an, nan Komin PetyonVil.

 » MOFAM/NIP, leve vwa yo byen wo pou kondane zak asasinay politisyen molonèt ak boujwa malpwòp nan peyi a, ki mennen mèsenè vin asasinen prezidan Jovenel Moïse lakay li, yon aksyon konsa plonje peyi a nan fènwa ak tribilasyon », daprè kòdonatris (MOFAM/NIP) lan Marie Carme Sineas.

Boutofen, mouvman fanm Miragwàn/ Nip, ki swete kouraj ak madanm Martine Moïse epi tou pwofite mande ak lajistis ak kominote entènasyonal la pou fè limyè sou zak malonèt sa.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …