AYITI/ ASASINA : OMAJ AK ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE NAN KOMIN MIRAGWÀN.

Sou lobedyans delegasyon depatmantal Nip yon jounen omaj reyalize jounen mèkredi 21 jiyè 2021 an, sou plas piblik kafou Deriso a, nan komin Miragwàn, pou onore memwa ansyen prezidan repiblik Jovenel Moïse ki te mouri asasinen lakay li.

Prezidant Komisyon minisipal Miragwàn lan, Anne Myriame Loiseau, ki te depoze yon jèb flè nan non Meri Miragwàn deklare ansyen chèf Leta Jovenel Moïse tap travay pou chanje vizaj peyi a, patikilyèman depatman Nip sitou komin Miragwàn ak plant elektrik li te deja ofri komin lan.

Jounen omaj sa fèt se pou te kapab montre kijan moun nan depatman te renmen ansyen prezidan an, daprè deklarasyon delege depatmantal Nip lan Morel Esperance Berard, ki denonse asasinay lach ki fèt sou Jovenel Moïse la, pandan li lonje dwèt sou oliga kòwonpi ansyen chèf Leta tap denonse ki touye li.

Sou bò pa li, senatè Nip lan Denis Cadeau, fè konnen ansyen prezidan Jovenel Moïse tap travay pou ede pèp la rale yon souf epi chanje kondisyon lavi li. Palmantè a, ki mande pou jistis fèt epi jwenn otè entèlektyèl ak matéryèl zak asasinay la.

N ap siyale, aprè depozisyon jèb flè yo, yo te tou pwofite òganize yon mach pou ale depoze yo nan simityè komin Miragwàn.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …