AYITI / ASASINA: REGWOUPMAN SITWAYEN ANGAJE POU RENOUVO NIP (RECERE-N KALIFYE KÒM LACH ZAK ASASINAY CHÈF ANSYEN CHÈF LETA JOVENEL MOÏSE.

Regwoupman sitwayen pou renouvo Nip (RECERE-N), kondane ak tout fòs yo zak asasinay ki fèt sou ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse lakay li nan Pèleren senk (5) nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an, nan Komin Petyon Vil.

Nan nòt pou laprès sa, ki rive nan sal redaksyon Echo Jounal, RECERE-N mande ak tout fòs viv nasyon an pou yo mete tèt yo ansan. Moman istorik k ap viv la mande yon chita pale, yon deplasman k ap pèmèt gen bon oryantasyon ak peyi Ayiti.

RECERE-N, ki pwofite menm okazyon sa pou voye senpati bay fanmi prezidansyèl la ak lòt moun nouvèl sa touche yo, epi pwofite pou mande bon jan limyè dwe fèt sou zak asasinay ki fèt sou prezidan ak tout madanm li.

Nòt pou laprès sa valab gras ak siyati kòdonatè jeneral ak kòdonatè anpre RECERE-N lan, Frantz Delia ak Lenec Chatelier.

Echo jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …