AYITI/ ASASINA: VIZYON AYISYÈN DWA MOUN (VHDH) KONDANE ZAK ASASINAY KI FÈT SOU FANMI PREZIDANSYÈL LA.

Òganizasyon dwa moun vizyon ayisyèn dwa moun ( VHDH), kondane zak asasinay ki fèt sou prezidan repiblik la Jovenel Moïse, ak madanm li Martine Moïse ki blese grav lakay yo nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an.

(VHDH) kalifye zak sa kòm yon gwo zak ki montre nan ki nivo kriminalite a rive nan peyi a, direktè egzekitif ( VHDH) la, Romulus Jules, fè konnen malgre kesyon ensekirite ak kriminalite a te gentan touye yon bann moun, boule kay yo ak kidnapin ki te fèt sou plis pase yon milye moun nan peyi a.

Defansè dwa moun lan, Romilus Jules, mande ak otorite nan Leta pou fè kou mèt JanJak pou arete ak bay jistis sou sak pase kay fanmi prezidansyèl la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …