AYITI/ASASINA: YO RESI JWENN YON JIJ POU ENSTWI DOSYE ASASINA JOVENEL MOÏSE LA.

Dwayen tribinal sivil premye enstans Pòtoprens lan, Mèt Bernad Senvil, dezinye jij enstriktè Mathieu Chanlatte, pou enstwi dosye asasinay ansyen chèf Leta Jovenel Moïse ki te asasinen lakay li nan Pèleren senk (5) nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an.

Avan dezinyasyon jij enstriktè Mathieu Chanlatte, pou enstwi dosye asasina Jovenel Moïse plizyè majistra yo te kontakte te refize dosye sa a, sou pretèks se yon dosye cho epi te krenn pou sekirite yo.

Nou ap siyale, dosye asasina ansyen chèf Leta te finalman defere nan kabinè enstriksyon kat (4) dawout 2021 pase a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …