Youn nan ansyen konseye defen Jovenel Moïse, Guichard Doré, akize Leta peyi Kolonbi ki ta sispèk nan asasinay ansyen prezidan repiblik la lakay li nan Pèleren 5, nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an.
Ansyen konseye espesyal ansyen chèf Leta, Guichard Doré, akize Leta kolonbyen ki ta konplis nan lanmò Jovenel Moïse la, pwofesè Doré, ki montre gwo dout pou yon seri manm nan fòs espesyal Kolonbi ap deplase pou okenn manm nan gouvènman ak Leta Kolonbyen pa konnen ke yo ap deplase vin nan yon misyon nan peyi Ayiti.
Ansyen konseye politik defen prezidan Moïse la, ki fè konnen li gen bon jan enfòmasyon Kòm kwa premye minis Ariel Henry ta fè bloke pwosesis demand minis afè etranjè Claude Joseph pou yon ankèt entènasyonal ta fèt sou asasina Jovenel Moïse.
Nap siyale, nan yon rapò òganizasyon dwa moun (RNDDH), mete deyò konfime premye minis Ariel Henry te pale ak youn nan sispèk asasen defen Jovenel Moïse yo kise Joseph Félix Badio nan menm maten asasinay la.