AYITI/ASASINAY: DE (2) MWA APRÈ LANMÒ ANSYEN PREZIDAN PEYI AN JOVENEL MOÏSE ANPIL TWIT SOU SA.

Jounen madi 7 septanm 2021 an fè de (2) mwa depi yo te asasinen ansyen patwon agritans lan nan rezidans prive li peleren 5.
Byen bonè nan maten gen yon konkou twit kap fèt pou mande jistis pou ansyen nèg bannann lan.

Twit ki plis entèrese sosyòs yo se pa Martine Moïse lan, ki se ansyèn premyè dam.
Michel Martelly ansyen prezidan peyi an ak Josep Claude Ki se te premye minis sòtan nan epòk la.

Nan twit vèv la nou te ka li «  » sa fè 2 mwa yo kraze tout Zo prezidan Jovenel, yo fèl pou yo di nou ke tèt kana pa monte tab, yo fèl pou yo di moun Ki soti lwen lwen lwen yo pa gen dwa pran sant lavi miyò. » » »

Anba Ti tèt pòs sa se pa de koze yo pa di mada lan sak plis tris la se kote yo dil si lajistis tap travay ou patap nan peyi etranje pawòl ou yo pa klè ou tranble lang ou nan saw ap di olye pouw ta chèche jistis pou mariw se foli prezidan ou genyen ou plis ap fè kanpay olye pouw ta atriste pou Jomo.

Lòt twit ankò Ki fè pale anpil se twit Michel Martelly ak Claude Joseph kote yap mande jistis pou ansyen patwon agritrans lan.
Gen yon jenn fanm Ki di chantè Sweet Miki an se bagay Ki di wi lè se parenn ki manje fiyèl se li Ki bay premye kout rèl la, ta sanble madanm sa ta vle fè alizyon ak deklarasyon ansyen senatè sid la Ki mouri nan tranbleman tè 14 Dawout 2021 an Jean Gabriel Fortuné.

Pou twit minis zafè etranje kote li di vrè otè entèlektyèl Ki touye Jovenel yo ap sikile lib apre de (2) mwa
Se kòmsi se te nan yon nich myel mesye an te foure menl tèlman pawòl yo lèd
Wi se vre ou te dwe menm kote ap Dimitri Civil pou tap tann sòw kòm kriminèl si lajistis te vle fè yon Bagay serye ou te dwe dèyè kat (4) miray

Eske gen volonte pou Jovenel jwenn jistis li vre?
Se kesyon sa anpil moun ap poze
Gary Bodeau Ki se ansyen alye Jovenel moise di nan yon twit
«  »pa gen okenn volonte politik pou fè limyè sou zak kriminèl sa »

 

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …