AYITI/ASENISMAN: DINEPA ADRESEL NAN YON NÒT LI METE DEYÒ, AK TOUT ABÒNE LI YO KI NAN ZÒN METWOPOLITÈN LAN

Direksyon kliyantèl sant teknik eksplwatasyon DINEPA soti yon nòt pou fè tout abòne li yo nan zòn metwopolitèn nan konnen tout sistèm teknisyen yo tap travay ladan yo ap fonksyone nòmalman pou rive bay popilasyon an satisfaksyon.

Selon nòt sila tout sèvis li yo disponib ak tout ajans yo nan kapital la ak zòn ki antoure l yo tankou: Matisan, Kafou, Pòtoprens, Delma, Petyonvil pral fonksyone san grate tèt.

DINEPA tou pwofite mande tout abòne li yo pou pase peye bòdwo yo pliske tout biwo l yo ouvè pou resevwa deyans abòne yo. Nan sans sa DINEPA mete yon nimewo disponib ki se 5959 pou tout abòne li yo kapab bay dòleyans yo oubyen yo kapab pase nan ajans ki pi pre yo a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …