Bank inyon Ayisyèn (BUH) rele chalbare dèyè yon seri moun ki gen vye entansyon e ki fè tèt yo pase pou ajan enstitisyon an k’ap mande kliyantèl la enfòmasyon sou kat de kredi « mastercard » yo pou fè vye zak malonèt.
Bank inyon Ayisyèn (BUH) mande popilasyon an kale je yo anba atoufè sa yo spesyalman kliyantèl yo a pou pa pran nan plan dechèpiye moun sa yo genyen pou Kat de kredi yo.
Anplis konpayi a p’ap janm tcheke yo sou rezo sosyo pou mande enfòmasyon sou kat yo tankou (nimewo kat la, dat espirasyonl avèk lòt kalte enfòmasyon) pa kite moun sa yo pran yo nan pyèj.
josephjemsley814@gmail.com.