AYITI/BIZNIS: MARATON EDE MOUN FÈ BIZNIS POU JERE TÈT YO A AP KONTINYE.

Jèn jounalis ayisyen Jemsley Joseph kontinye ak maraton ede rès moun ki rete nan peyi a fè biznis epi travay a pwòp tèt yo san èd leta menm si yo pa fè yon gwo klas e gen gwo mwayen nan men yo.

Jounalis la ap òganize yon gwo seminè samdi 10 ak dimanch 11 out 2019 kap vin la nan lokal Principe Auto Ecole ki chita kò li sou wout Délma a anfas antre Delmas 19 kote lap moutre moun yo fè pwodui ki vann plis sou mache a ki se LIKID LESIV, DEZENFEKTAN, VINÈG, PWOMAD POU DOULÈ, SAVON TWALÈT, PENTI AK kijan ou kapab itilize pwodui sa yo pou fè lajan.

Pou yon moun patisipe nan seminè sa lap bezwen sèlman mil desan senkann goud (1250) kap pèmèt li asire plas li, jwenn dokiman epi yon ti goute.

Aktivite sa jwenn sipò Echojounal, Principe Auto Ecole, Pwodui lajenès. Si yon moun ta vle sipòte nou ou kapab kontakte nou sou: 48276981/36234404/42504526.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …