AYITI/BOLIVI: OTORITE NAN PEYI BOLIVI METE MEN SOU 40 AYISYEN.

Otorite nan peyi Bolivi yo mete men sou karant (40) ayisyen nan vil Santa Cruz jou ki te 7 novanm 2019 la.

Ayisyen sa yo ki te soti nan peyi Brezil selon direktè entèpòl la Rolando Millares sou rezo Pat ki tap bay detay sou jan yo rive mete men sou ayisyen yo gras ak yon gwo blokis ki te genyen nan zòn Cotoca kote ajan imigrasyon yo tap fè tchèk.

Tout swit lapolis te mennen ayisyen sa yo ki te rantre sou sòl peyi Bolivi san papye nan biwo imigrasyon pou kapab etidye ka yo epi pran yon desizyon.

 

Kredi foto: D’ossun a valparaiso

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …