AYITI/CODEVI:YON RESPONSAB CODEVI DIL PAT JANM MANDE POU TOUT ANPLWAYE LI YO VIN TRAVAY.

Apre yon foul moun idantifye kòm anplwaye CODEVI te gonfle devan baryè a pou te ka reprann travay yo jan gouvènman an te anonse sa pou jounen lendi 20 avril 2020 an, youn nan responsab konpayi an reyaji sou sa.

Selon responsab la yo pat janm mande pou tout anplwaye yo vin travay, yo sèlman chwazi 30% nan kantite moun kap travay nan konpayi a pou vin travay pandan yo tap fè peròl semèn pase a, tout moun ki vini an menm tan an se pa yo ki lakoz men se gouvènman an nan yon deklarasyon ke premye minis la te fè.

Respnsab la te oblije voye tout moun yo lakay yo epi kenbe 30% ke yo te chwazi pou vin travay la jis pou jere tout prensip yo pou evite pandemi an gaye kòl nan konpayi a epi pou pwoteje anplwaye selon sa li fè konprann.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …