Direktris lotri leta ayisyen an Marie Margareth Fortuné remèt demisyon li bay prezidan repiblik la Jovenel Moise jounen madi 20 avril 2021 an.
Direktris la ki pase 4 lane ap dirije lotri a anonse nouvèl la nan yon lèt tou louvri ki pote dat 20 avril 2021 ke li adrese ak prezidan an, li pa bay twòp detay sou rezon ki ta pouse li pran desizyon sa pou li pa dirije bwat la ankò