Ansyen senatè Serge Gilles 85 lane pati pou peyi tèt san chapo nan lannwit lendi 1 fevriye 2021 an daprè prezidant fizyon sosyo demokrat ayisyen an.
Manb fondatè pati nasyonal pwogresis revolisyonè Ayisyen (PANPRHA) epi fizyon sosyo demokrat ayisyen an Serge Gilles ki soti nan Mayisad te diplome nan sikoloji nan Sobòn .
Serge Gilles se te yon pwofesè istwa epi espò anvan li mouri li te pibliye « iltinéraire d’un homme de gauche ».
Selon Edmonde Supplice Bauzile fè konnen koz lanmò ansyen kandida pou prezidan poko revele men li te lopital depi plizyè semèn.
Angeline Michel