AYITI/DÈY: EKIP ECHOJOUNAL LA ANDÈY APRE NOUVÈL LANMÒ YOUN NAN KOLABORATÈ LI YO

Medya an liy Echojounal an dèy apre nouvèl lanmò kolaboratè li, Gerome Evens nan apre midi 26 fevriye 2022 a nan yon aksidan moto nan zòn wout 9 pandan li ta pral wè fanmi li.

Jounalis la ki mouri sou plas, te gen avèk li jounalis Fred Kelito Barnathe, ki limenm frape men ki pa twò grav selon deklarasyon li nan sal redakston Echojounal.

Evens Gerome te PDG medya an liy Tele konsyans avan li te vin travay pou Prestravayè kòm repòtè epi prezantatè Jounal dènye kout Tambou epi prezantatè emisyon « Kri Pèp la ». Apre yon mezantant, Gerome Evens ta pral rejwenn redaksyon Echojounal kòm repòtè epi montè depi mwa novanm 2021. San konte plizyè lòt medya li te konn bay kout men.

Evens Gerome, yon jèn ki te kwè nan travay te deside vin ajan marketing Principe Auto Ecole nan mwa janvye 2022, kote li tap ankouraje jenès la pou genyon metye nan men yo.

Malerezman se konsa jenn gason sa rive pèdi lavil.
Yon jenn ki te kwè nan travay, ki te devwe nan aktivite li e ki te kwè nan rèv li.

Nap raple Jounalis Evens Gérôme fèt nan dat 10 mars 1995.

Echo jounal swetew bon travèse e wap rete nan kè chak grenn nan nou kòlèg.

Tout naît, tout vit, tout périt. C’est ainsi la vie !

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …