AYITI/DÈY/OPERASYON VILAJ DEDYE : LAPREZIDANS DEKRETE 3 JOUNEN DÈY NASYONAL NAN MEMWA POLISYE KI TONBE VANDREDI 12 MAS KI SOT PASE A.

Nan yon nòt ki soti dimanch 14 mas 2021 an, sekretè jeneral laprizans, dekrete 3 jounen dèy nasyonal, soti 15 pou bout 17 mas k ap vini an, nan lide pou rann omaj ak polisye ki te tonbe anba bal bandi vandredi ki sot pase a nan operasyon PNH la t ap mennen nan vilaj dedye.

« Drapo yo ap moute an bèn nan tout edifis piblik yo », se sa ki li nan nòt la.

Sekretè jeneral laprizans la, Lionel Valbrun, pi lwen nan nòt la, deklare polisye yo mouri nan egzèsis fonksyon yo e yo ap antre nan panteyon endepandas peyi a.

N ap raple, fanmi polisye ki tonbe anba bal nan operasyon vilaj dedye a, jiskaprezan yo poko ka jwenn kadav pwòch yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …