AYITI/DÈY: REPREZANTAN SEKTÈ SENDIKA NAN KONSÈY ELEKTORAL KI LA POU YON TI BOUT TAN BAY DÈNYE SOUF LI

Reprezantan sektè sendika nan konsèy elektoral ki la pou yon ti bout tan (CEP) Patrick Numa 57 lane bay dènye souf li nan jounen  dimanch 21 fevriye  2021 ak yon aksidan vaskilè selebral (AVC).

Patrik Numa tap soufri depi nan mwa desanm 2020 an se youn nan rezon ki fè li ale nan peyi Kiba pou li te ka pran swen.

Ansyen sekretè jeneral òganizasyon jeneral endepan travayè ayisyen an (OGITH)  te retounen nan peyi a 17 fevriye 2021 an .

Patrik Numa mouri lakay li nan jounen dimanch lan selon sa fanmi li fè konnen nan medya lokal yo.

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …