AYITI/DÈY: YO JWENN KÒ DE (2) JÈN GASON TOU MOURI NAN YON PLAJ.

Jounen Lendi 31 Dawout 2020 an nan yon konsta jij de pè Jean Ricka rive fè sou plaj piblik Karyès nan Monri idantifye kò san de (2) jèn gason youn se Mackenson BABADY ki ta jwenn lanmòl nan yon nwayaj epi Ronald JEAN ki ta krible anba bal yon ajan polisye selon sa moun ki ap viv nan zòn nan rapòte jij de pè a.

Nap raple se pa premye fwa sa ap repete nan peyi a, nan mwa pase yo yon fanmi te al jwenn kò san vi yon lòt jèn gason nan yon plaj nan Kwadèboukè nan zòn Titanyen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …