AYITI / DÈY : YON GWO TÈT NAN ADMINISTRASYON PIBLIK LA FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO.

Direktè jeneral ofis asirans vyeyès la (ONA) Chesnel Pierre, mouri nan lannwit vandredi venteyen (21) pou louvri samdi venn de (22) me 2021 an sou kabann lopital .

Selon enfòmasyon yo direktè jeneral ONA Chesnel Pierre, te santi yon malèz ak kèk sentom ki sanble tèt koupe ak sentom kowonaviris yo, fanmi li te oblije kouri lopital ak li epil rann dènye souf li sou kabann lan .

N ap siyale, Chesnel Pierre, se te aktyèl direktè jeneral ONA depi lè prezidan repiblik la Jovenel Moïse te moute sou pouvwa nan lane 2017.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …