AYITI DINEPA: YON NOUVO REZO DLO PÒTAB INOGIRE NAN LOKALITE BRETAY GONAYIV.

Direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman (DINEPA) inogire, jedi 6 desanm 2018 la, yon nouvo rezo dlo potab nan lokalite Bretay la, 2e seksyon Gonayiv.

Nimewo 1 enstitisyon an, Enjenyè Guito Edouard, enfòme enfrastrikti sila pral desèvi Lopital Lapwovidans Gonayiv la ak anviwon 20 000 sitwayen kap viv nan zòn nan.

Avèk nouvo rezo dlo potab sa, Direktè administratif Lopital lapwovidans Gonayiv la, Doktè Jude Rénélique fè konnen li pral gen mwens sousi pou fonksyonman blòk operatwa etablisman an.

M. Rénélique ankouraje tout benefisyè yo pote kole pou pwoteje sistèm nan.

rolguydocteur@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …