AYITI DIPLOMASI: AYITI PAMI 19 PEYI KI PA REKONÈT NICOLAS MADURO NAN TÈT PEYI VENEZWELA.

Diznèf (19) peyi mete tèt yo ansanm pou di yo pa rekonèt Nicolas Maduro kòm prezidan peyi Venezyela pami peyi sa yo Ayiti, uit (8) pa ni dakò ni kont sis (6) lòt Bò kote pa yo aksepte Maduro kòm prezida nan yon rezolisyon  yon seyans ekstraòdinè ki fèt ayè jedi 10 janvye 2019 nan vil Wachington peyi Etazini sou kriz politik kap sakaje peyi Venezyela depi yon bon bout tan.

Ayiti, Ajantin, Bayamas, Brezil, kolonbi, Kanada, kosta rika, Chil, Ekwatè, Etazini, Gwatemala, Giyàn, Ondiras, Jamayik, Panama, Paragwe, Pewou, Sendomeng, Sentlisi se 19 peyi ki vote kont Nicolas Maduro nan tèt peyi Venezyela.

Antigwa, Meksik, Trinidad, Babad, Beliz, Salvadò, Sentkis, Irigwe se uit peyi ki pa vote ni pou ni kont.

Bolivi, Ladominik, Venezyela, Sirinam, Senvensan ak Nikaragwa bò kote pa yo aksepte Nicolas Maduro kòm prezidan prezidan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …