AYITI/DIPLOMASI: CHÈF LETA RANFÒSE DIPLOMASI PEYI D’AYITI.

Nan yon arete ki pibliye mèkredi 12 Me 2021 an, prezidan repiblik la Jovenel Moïse, nonmen 7 nouvo anbasadè ki pral reprezante peyi Dayiti nan divès peyi nan mond lan epi defann enterè peyi a.

Nan arete a prezidan Jovenel Moïse pran , bay non sèt (7) nouvo anbasadè yo ki se :

– Sitwayèn Wedlyne François Pierre nonmen anbasadè ekstrawòdinè ak plen pouvwa pou repiblik Ayiti nan peyi Chili.

– Sitwayen Jesse Jean, se anbasadè ekstrawòdinè ak plen pouvwa repiblik Ayiti bò kote inyon Ewopeyèn, Wayòm ini, Lawoland ak » Grand- Duché Luxembourg ».

– Sitwayèn Fabienne Carré-Sajous nonmen anbasadè ekstrawòdinè ak plen pouvwa pou Ayiti nan peyi Panama.

– Sitwayen Roudy Stanley Penn, nonmen anbasadè ekstrawòdinè ak plen pouvwa pou Ayiti nan repiblik Chin ( Taywann).

– Sitwayen Jean Josué Pierre, nonmen anbasadè ekstrawòdinè ak plen pouvwa pou Ayiti nan peyi Laswis.

Fòk nou di, nan arete a chèf Leta bay twa (3) fonksyon ak anbasadè Jesse Jean.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …