_Nan yon sèl fanmi ki soti sou zile Lagonav, gen kat (4) moun ki mouri pandan yo te nan wout pou yo ale nan peyi Etazini, rapòte ajans enfòmasyon an liy La nouvelle._
Kat manm nan yon sèl fanmi pa rive nan peyi blan meriken jan yo te swete sa. Pandan yo te nan wout, yo fè vwèl pou peyi san chapo.
Mynose Saint-Vil ak mari l plis 2 pitit li ( yon ti fi ak yon ti gason) ki soti Ansagalè, patiklyèman nan zòn Masikren se kat moun sa yo ki mouri nan wout pandan yo ta prale nan peyi Etazini.
Sous ajans enfòmasyon an liy La nouvelle la pa t ka detaye kijan moun yo te arive mouri. Sepandan, sa ki sèten, akoz move kondisyon lavi ki gen nan peyi Dayiti, anpil konpatriyòt ayisyen riske lavi yo nan mache nan raje, travèse plizyè peyi amerik latin a pye, al pase mizè anba pon sou fwontyè amerikano-meksiken pou yo ka espere jwenn yon lavi miyò.
Anpil migran ayisyen ap kite Chili ak Brezil dènye tan sa yo pou yo pran wout la sou de pye yo pou yo ale Etazini.